Anons Enpòtan Klas Angle yo ap rekomanse Jedi 17 Oktob kap vini-an nan OLS a 6 ze di swa. Pral gen klas chak Jedi de 6 ze a 8 e jiskaske nou rive nan mwa Jen 2020. Kou Angle sa ap pemet etidyan yo devlope vokabile yo ak grame yo yon fason kap pemet yo kominike san ke sote ak lot moun kap pale Angle nan peyi-a. Gras a klas Angle sa yo nap kapab:
Tande Ameriken kap pale sou tep ou byen sou lot mwayen kominikasyon yo.
Pale Angle epi fe konvesasyon avek lot etidyan ki nan klas la.
Li plizye kalite teks an Angle, tankou bel ti istwa, poezi an Angle, ak anpil enfomasyon nap jwenn nan jounal Ameriken.
-Nap kapab Ekri Angle tou chak jou, gras ak egzesis yap bannou pou nou pratike prensip grame yo ak vokabile nou bezwen pou nou fonksyone.
Kou sa enpotan anpil! Tanpri pa ezite pou nou enskri nou! Nap tann nou tout! Mesi!