Chè Pè Alabré,
Jodia nou kontan nan pawas la pou n’ ap selebré anivèsè ajan (25 lane) ou nan lavi pè a. Kè nou ranpli ak anpil rekonesans pandan nou vle ajoute vwa pa nou nan “Magnificat!” ou.
“Pè a se youn moun lapriyè, youn moun de padon, youn moun ki resevwa epi selebré sakréman yo kóm youn zak lapriyè epi rankont avèk Granmèk la. Li se youn moun lacharité, viv li epi pratiké l, yon fason ke tout zak ki semp, konvèsasyon, rankont, tout sa ki bezwen fèt dwe tounen zak spirityèl nan kominyon ak Kris la.”
Deskripsyon sa ke Pap Benoit XVI fè sou pè a se youn descrisyon ki koresponn byen ak sa ministè pè ou ye.
Nou kontan ansanm ak ou pou tout lagras ki make vensenk lane ki pase sa yo! Travay favè Bondye pap janm ka limité nan estatistik oswa ak nempót methód kakil jan sa ye pou moun. Nan ministè w ou touché anpil vi pandan lane sa yo. Se sèlman nan syèl la nou pral konen konplètman fwi travay ou yo.
Lapriyè nou pou ou chè pè Pierre-Michel, sèke se pou kè kontan Levanjil la kontinye akonpaye chak jou nan lavi w, konsa, pandan ou menn ap simaye lajwa, ou ap resevwa l ankó plis. Bondye fidèl… se pou li menn ki te kómanse bon travay li nan ou a fè li rive nan bout li. Avèk lapriyè nou epi gratitid nou…
Bon anivèsè!
Lafanmi Notre Dame des Doulè-Sen Antoine
Nan levanjil jodia, Granmèt nou an rakonte parabòl kote li mete fas a fas yon Farizyen ki plen ògèy ak yon prepoze kontribisyon ki genyen imilite e ki vle konvèti. Farizyen sa a te genyen yon gwo plas nan Tan plan e li ap lapriyè san li pa konsantre l sou Bondye, li sonsantre l sou tèt li, pandan li fè elòj tèt pa li. Prepoze kontribisyon an, menm pèp la te meprize la, rete byen lwen nan Tan plan san li pa ka leve je l. Li te vini nan Tan plan pou li rekonèt peche l, feblès li ak gwo bezwen Bondye li te genyen nan lavi l. Dyosèz Trenton nan pran angajman pou l prezante bon jan inisyativ nan sa ki gen pou we ak konstitisyon legliz Etazini pou pwoteksyon timoun ak jenn moun. Diocèz la angage l’ pou l sipóte tout ankèt kap fèt sou bagay ki gen rapò pou wè ak abi seksyèl oubyen si w implike nan youn akizasyon menn lè li poko majè. Si ou te abize seksyèlman pa youn nan manb Klèje a oubyen ankó pa youn moun ki reprezante legliz katolik la se pou ou pote plent pou sa. Menn lè se pa ou menn sa te rive, si ou genyen youn zanmi ou konnen ki te abize ou ka toujou rapóte sa nan biwo Diocèz la ki an chaj pou sa. Ou ka rele nan lign sa. Assistans abi: 1-888-296-2965 oubyen ou ka voye youn kourye elektwonik nan adress sa-a: [email protected].