Pandan nou ap lapriyè pou lapè ak amony pou nasyon nou an, an nou pa bliye lapriyè pou frè ak sè nou yo ki an Ayiti. Peyi sa a ap fè fas ak anpil kriz tankou ekonomik, politik, sekirite e imanitè. Gang aame ak gwo zam ki vyolan anpil kontwole anpil kote nan kapital la, ki se Pòtoprens, e souvan yo pran anpil moun pou yo ka jwenn lajan.Sekretè jeneral Nasyozini yo avèti ke si sikonstans yo ki gen kounyea kontinye, “sitiyasyon imanitè ki deja pa bon an ke moun ki pi fèb yo deja ap viv la ap vini pi mal ankò.”
Granmèt, lapè se nan ou li soti, koute kri ki soti nan fon kè nou, nou ap pouse pou Ayiti. O Bondye lagras, bay lapè nan tan nou an, yon lapè mond lan pa ka bay. Se pou tout sila yo ki pran zam konvèti. Pou inosan yo ki ap viv anba vyolans, se pou ou tounnen abri yo, refij yo, e espwa yo. Pou sila yo ki pèdi lavi yo anba kriyote moun, ouvri bra w byen laj pou anbrase yo nan renmen ki pap janm fini an. Notre Dame du Perpétuel Secours, entèsede pou nou.