Merci! Carême l'œuvre d'amour
Yon gwo mèsi ak tout moun ki fè kado nan «Ev renmen» ane sa a pandan sezon Karèm lan. Nou kontan pou anonse kado nou ranmase a rive $15,030.
Lajan sa a prale jwenn Institut Voluntas Dei an Ayiti pou ede restore rezidans pè yo ak seminaris kominote a. Rezidans yo a gang te sakaje l, pran tout sa ki te ladan l, yo te viktim tout pwoblèm politik, ak sosyal ki ap frape Ayiti yo. Pè yo ak seminaris yo te oblije deplase. Jenewozite ou ap kontribiye pou reyini yo ankò.
Se pou Bondye beni w pou jenewozite w ak renmen ou. Ann nou lapriyè pou vyolans ak boulvèsman kapab fini an Ayiti. Se pou frè ak sè Ayisyen nou yo rive konnen lajistis ak lapè.